RADIO GAMMA

RADIO GAMMA YON RADYO NAN SÈVIS KOMINOTE LI Malgre Radio Gamma se yon estasyon prive, li pa janm konsidere misyon li kòm yon senp aktivite komèsyal. Depi kreyasyon li, li angaje l pou kontribye nan devlopman global ak entegral depatman Nòdès Ayiti a. Misyon li chita sitou sou plizyè aks solid.

Channel Banner

Recently Played

Recent News

About Us

RADIO GAMMA FM 31 AN, TOUJOU KANPE DJANM! Nan dat 14 out 2026 sa a, Radio Gamma FM selebre 31yèm anivèsè li. Li te fonde 14 out 1995 nan vil Fort-Liberté. Se yon estasyon radyo prive nan depatman Nòdès Ayiti, epi li se premye estasyon ki te kòmanse emèt sou bann FM nan Depatman Nòdès la. Men rakonte istwa Radio Gamma, se pa sèlman rakonte istwa yon estasyon radyo. Se rakonte 31 lane yon avanti ki te chaje ak obstak, sakrifis, batay ak rezistans. Paske kreye yon radyo se yon bagay. Men kenbe yon radyo vivan pandan 31 lane, nan reyalite peyi d Ayiti, se yon lòt bagay. Epi kenbe l vivan pandan w ap prezève endepandans li, kredibilite li ak misyon li genyen anvè kominote a, se yon defi ki pi gwo toujou. YON ISTWA REZISTANS Depi lè li te fonde, Radio Gamma travèse anpil peryòd difisil. Li konnen kriz politik, twoub sosyal, difikilte ekonomik, mank gaz ki konn repete, long koupi kouran ak moman kote menm avni estasyon an te sanble pa sèten. Li konnen jou kote fè yon emetè fonksyone te prèske tounen yon mirak. - Lè kouran te disparèt, fòk yo te demare jeneratris yo. - Lè gaz te vin ra oswa pri l te vin twò chè, fòk yo te chèche solisyon. - Lè resous finansye yo te diminye, fòk yo te kontinye kanmenm. E pandan 31 lane sa yo, yon gwo pati nan ekonomi Radio Gamma te ale nan jeneratris, batri, invètè, gaz, reparasyon ak ekipman, senpleman pou pèmèt siyal la kontinye soti nan lè a. Men Radio Gamma pa t janm aksepte disparèt: Li te reziste. REZISTE SAN NOU PA VANN LIBÈTE NOU Pi gwo defi a, sepandan, pa t toujou teknik oswa finansye. Li te konn moral tou. Pandan 31 lane sa yo, òf ak demann pa t janm manke. Gen politisyen ki toujou konn pase. Gen enterè patikilye ki te eseye pwoche bò mikwo a. Gen pwopozisyon ki te fèt. Gen presyon ki te egziste. Epi, tankou nan tout anviwònman kote pouvwa, lajan ak enfòmasyon rankontre, tantasyon pou transfòme yon medya an yon zouti enfliyans te toujou la. Radio Gamma te kapab chwazi fasilite. Li te kapab mete antèn li nan sèvis kèk enterè. Li te kapab chanje endepandans li kont avantaj. Li pa t fè sa. Li te prefere difikilte endepandans lan pase avantaj konpwomi an. Li te prefere rete yon radyo nan sèvis popilasyon an olye li tounen yon radyo nan sèvis yon pati politik. Li te aksepte difikilte ki vini ak libète li, olye li ta abandone libète sa a. Se sa tou 31 lane Radio Gamma reprezante. YON RADYO NAN SÈVIS KOMINOTE LI Malgre Radio Gamma se yon estasyon prive, li pa janm konsidere misyon li kòm yon senp aktivite komèsyal. Depi reyasyon li, li angaje l pou kontribye nan devlopman global ak entegral depatman Nòdès Ayiti a. Misyon li chita sitou sou plizyè aks : 1. ENFÒME Atravè difizyon enfòmasyon lokal, rejyonal, nasyonal ak entènasyonal sou plan politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl. 2. EDIKE Atravè patisipasyon li nan edikasyon sivik popilasyon vil yo ak zòn riral yo, pou ankouraje konesans sou dwa, devwa ak responsablite sitwayen yo. 3. FÈ DEBA Lè li louvri mikwo li pou deba sou gwo kesyon ki konsène rejyon an ak peyi a, epi li pèmèt diferan sansiblite yo jwenn espas pou yo eksprime tèt yo. 4. PWOMOUVWA A AK KILTI Lè li bay atis, kilti lokal ak patrimwàn Nòdès la yon plas enpòtan, pandan l ap kontribye pou fè yo konnen pi lwen pase limit depatman an. 5. PWOMOUVWA LEVANJIL KRETYEN AN Lè li bay mesaj kretyen an ak valè espirityèl yo yon espas nan pwogramasyon li. 6. DISTRÈ Paske yon radyo pa dwe sèlman enfòme ak edike, Radio Gamma toujou kite plas pou mizik, detant ak distraksyon. YON RADYO KI TE TOUJOU VLE ALE PI LWEN Depi nan kòmansman, Radio Gamma te gen yon anbisyon ki te klè : fè vwa li rive pi lwen posib. Anbisyon sa a te rapidman depase limit Fort-Liberté. An 2003, Radio Gamma te franchi yon lòt etap lè li te vin disponib sou entènèt atravè adrès : www.gammafmhaiti.net sa, an 2006, siyal li te deja rive nan tout komin yo nan depatman Nòdès la, ki te reprezante lè sa a anviwon **283 800 moun: Vallières, Mombin-Crochu, Carice, Ouanaminthe, Trou-du-Nord, Terrier-Rouge, Capotille, Ferrier, Les Perches, Mont-Organisé, Sainte-Suzanne ak Caracol. Siyal li te depase limit depatman an tou. Nan depatman Nò a, yo te konn tande Radio Gamma sitou nan Cap-Haïtien, Limbé, Quartier-Morin ak Limonade. Epi reyon li te menm travèse fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Moun nan vil tankou Dajabón, Monte Cristi, Copey, Santiago de Rodríguez ak Sabaneta te konn patisipe nan kèk emisyon. Konsa, yon radyo ki te fèt nan Fort-Liberté te vin tounen yon pon ant kominote ki separe ak distans ak fwontyè. 31 AN BATAY Istwa Radio Gamma se pa istwa yon wout ki te fasil. Se istwa yon wout ki te **chaje ak obstak. Te gen kriz politik; Te gen twoub sosyal; Te gen difikilte ekonomik; Te gen mank gaz; Te gen koupi kouran; Te gen pwoblèm teknik; Te gen pwoblèm finansye; Te gen ekipman pou ranplase; Te gen jeneratris pou fè mache; Te gen batri pou renouvle. E malgre tout bagay sa yo... Radio Gamma te toujou la: - La pou enfòmasyon. - La pou oditè li yo. - La pou kominote a. - La pou istwa li. Pandan anpil lòt antrepriz te oblije fèmen pòt yo oswa diminye aktivite yo anpil, Radio Gamma te kontinye vanse. Se pa t toujou fasil. Se pa t toujou ak mwayen li ta renmen genyen. Men li te toujou gen volonte pou kontinye. Paske yon vwa ki pran angajman pou sèvi kominote li pa kapab pèmèt tèt li disparèt depi premye gwo van an soufle. 31 AN : SE YON VIKTWA Nan dat 14 out 2026 sa a, Radio Gamma pa sèlman selebre yon dat sou kalandriye. Li ap selebre yon viktwa. - Viktwa yon radyo ki te refize mouri. - Viktwa yon enstitisyon ki te reziste anba tanpèt yo. - Viktwa yon ekip ki te kontinye travay malgre difikilte yo. - Viktwa yon kominote ki te kontinye koute l. - Viktwa yon vwa ki, malgre presyon ak eprèv yo, pa t janm aksepte fèmen bouch li. 31 an nan yon peyi kote rete kanpe se deja yon viktwa. 31 lane apre kreyasyon li, Radio Gamma toujou la. - Toujou sou FM. - Toujou sou entènèt. - Toujou bò kote kominote li an. - Toujou fidèl a misyon l. E malgre gwo chanjman teknoloji ak kòkenn chenn evolisyon nan fason medya yo fonksyone, li kontinye gade lavni an ak konfyans. VIZYON NOU Ideyal Radio Gamma ap pouswiv la toujou menm bagay la : fè koute li rive pi lwen posib, pandan l ap rete byen anrasinen nan kominote li an. Soti nan Fort-Liberté pou rive nan tout Nòdès la. Soti nan Nòdès pou rive nan lòt zòn nan peyi a ak nan vil ki toupre fwontyè Repiblik Dominikèn. Soti nan FM pou rive sou entènèt. E kounye a, soti nan radyo tradisyonèl pou rive sou platfòm dijital yo, radio Gamma vle kontinye enfòme, edike, rasanble, distrè epi sèvi. Misyon an toujou gwo nèg. Wout la toujou long; e pafwa li danjere. Men apre 31 lane, Radio Gamma kapab gade tout wout li deja fè yo ak fyète. - Li pa t sèlman travèse kriz yo : li grandi anndan yo. - Li pa t sèlman siviv anba tanpèt yo : li aprann navige nan tanpèt la. E si li toujou kanpe jodi a, se paske chak fwa te gen yon obstak, te toujou gen omwen yon moun ki te chwazi kontinye. Chak fwa te gen yon pann, te gen omwen yon moun ki t ap chèche solisyon pwoblèm yo; Chak fwa te gen yon kriz, te gen yon moun ki te refize bese mikwo a; Chak fwa te gen presyon, te gen yon moun ki te sonje yon radyo lib gen yon responsabilite anvè moun k ap koute l yo. JODI A, MIKWO A TOUJOU OUVÈ 14 out 1995 – 14 out 2026, 31 an. - 31 an prezans. - 31 an batay. - 31 an sakrifis. - 31 an rezistans. - 31 an nan sèvis nan kominote a. E apre tout wout sa a... - Mikwo a toujou ouvè; Vwa a toujou la; - Siyal la toujou ap vwayaje; - Radio Gamma toujou kanpe djanm pou Nòdèsyen yo an jeneral, li toujou kanpe djanm pou Fort-Dauphinois yo an patikilye. Li kanpe djanm pou tout moun ki, depi twa deseni, fè Radio Gamma tounen radyo pa yo. KOUTE RADIO GAMMA FM — 24/24, 7/7 sou 99.7 FM, sou YouTube, sou Facebook, sou Entènèt a travè aplikasyon nou an. KONTAKTE NOU: - Adrès postal : 26, avni Sténio Vincent Fort-Liberté, Ayiti - Telefòn : +509 3711-5708 — WhatsApp, +509 3335-0827, +509 4376-2424 NAP RAPLEW: * RADIO GAMMA FM. 31 AN, TOUJOU KANPE DJANM * 4 OUT 1995 — 14 OUT 2026, Yon vwa ki fonde nan Fort-Liberté; Yon vwa ki travèse fwontyè; Yon vwa ki reziste anba tanpèt. Yon vwa ki refize fèmen bouch li. **RADIO GAMMA FM — DEPI 31 AN, AP SEVI KOMINOTE A.**

click here
click here
 

Chat